RASIN se yon inisyativ kiltirèl ki te pran nesans ak objektif pou mete aksan sou travay jèn atis Ayisyen, an patikilye sila ki ap evolye Okap, e ofri yo yon espas pou prezante zèv yo. Se yon pwojè ki t ap nouri nan tèt Schebna Bazile pandan lontan. Li pataje l ak kèk kolaboratè l, pami yo Jean Elie François, ki te ensiste pou lansman an fèt ak mwayen ki disponib yo, san tann tout bagay pafè. Jean-Elie malerezman kite mond sa yon ti tan apre. Sa te mete a klè kesyon ijans li te konn soulinye yo. Ijans pou viv, pou fè sa k dwe fèt san tann demen, pou aji, pou jwe patisyon w nan mezi w san eskiz. Vwala kòman premye edisyon RASIN – Festival Atizay lanse nan mwa Mas 2022.

Depi kreyasyon li, RASIN gen vokasyon pou pataje, epi ankouraje ekspresyon atistik atravè teyat, mizik, literati, ak lòt fòm atistik. Aktivite yo konsantre sou bay espas pou jèn talan fè tande vwa yo pandan y ap onore kilti rich peyi DAyiti. “Festival”, se pa yon mo pou dekri evènman an sèlman. Se pou tradui entansyon selebrasyon Atizay. Selebre chak disiplin e selebre atis.

2025, 4èm edisyon, se okazyon pou eksplore nouvo fasèt nan pwojè a.  Se depi mwa Janvye, pou jouk rive Desanb n ap selebre Atizay. Mwa Mas, pwogramasyon an ap pi entans, pou make okazyon patikilye tankou Jounen Mondyal Pwezi, Jounen Mondyal Teyat, kloti Prix Poésie Jean-Élie François, elatriye. RASIN – Festival Atizay pran angajman pou sipòte ak prezève eritaj kiltirèl ayisyen an.

Edisyon pase yo

Nan premye edisyon RASIN, echanj yo te fèt nan yon sèl sans (soti bò atis yo ale nan piblik la) atravè spektak, pwojeksyon, ekspozisyon, vant siyati ak lòt aktivite. Pandan uit (8) jou, te gen douz (12) entèvenan ak trant-twa (33) atis ki te parèt sou sèn nan kat (4) espas diferan.

Pou lane 2023, pwojè a te elaji pou pèmèt piblik la enplike plis. Pandan dis (10) jou, soti 19 pou rive 25 Mas, te gen atelye atistik nan maten ak pèfòmans nan apremidi. Festival la te fèt ak sèz (16) entèvenan ak karant-sèt (47) atis.

Nan lane 2024, senk (5) atelye te mete bèl koulè nan twazyèm edisyon festival la. Teyat, sinema, fotografi, grafiti, ak papyemache, pou yon senkantèn patisipan. Edisyon sa a te fini avèk prezantasyon loreya Pri Pwezi Jean-Elie François yo, spektak restitisyon ak atelye teyat la, ak yon moman rezotaj ak tout patisipan yo.

Review Your Cart
0
Add Coupon Code
Subtotal

 
Scroll to Top