Chak ane, RASIN ofri jèn yo opòtinite pou yo viv yon bèl eksperyans nan òganizasyon evènman kiltirèl. Kòm volontè, yo ap gen chans aprann, devlope konpetans yo, rankontre atis ak pwofesyonèl nan domèn nan, epi patisipe nan reyalizasyon yon festival ki mete kilti ayisyen an an valè. Se pa sèlman yon avanti, se yon fòmasyon sou teren.
Nou bezwen w pou fè festival la pi bèl! Antre nan ekip volontè nou yo epi ede nou ak òganizasyon, akèy, lojistik, ak plis ankò. Enskri kounye epi kontribye nan siksè festival la.
