RASIN 2025

Teyat / literati

Atelye ekriti senik

Lendi 25 pou vandredi 28 Mas 2025, atelye fòmasyon sou ekriti dramatic sa ap sou pwogramasyon festival la pou tout moun ki enterese aprann ekri yon pyès teyat. Se Schebna Bazile k ap monitè klas sa. Plas yo limite.

Fotografi

Apèl pou kandidati

Nou ap lanse apèl pou fotograf amatè oubyen pwofesyonèl k ap patisipe nan ekspozisyon seri-foto nan kad katriyèm edisyon RASIN. Kandida yo dwe voye yon seleksyon 5 a 20 foto ak yon ti tèks pou eksplike ide dèyè travay yo. Foto yo dwe orijinal e ka gen nenpòt stil, depi li byen adapte ak lide festival la. Postile soti 20 Mas rive 7 Avril 2025. Ekspozisyon an ap fèt samdi 13 Avril 2025.

Sinema

Atelye avanse – fim kout

Atelye sa a vize bay patisipan yo akonpayman avanse nan domèn yo chwazi (reyalizasyon, senaryo, pwodiksyon, montaj, fotografi elt.). Li ofri yon espas pou kolaborasyon ak aprantisaj apwofondi, kote patisipan yo ka eksplore nouvo teknik ak ide inovatif. Atelye sa se yon opòtinite pou pwofesyonèl ak amatè nan domèn nan devlope travay yo epi reyalize yon pwoje ki pral pwojte nan kad festival la nan mwa mas.

Teyat

Kremòl

“Kremòl” se yon refleksyon powetik sou lavi, tan, ak sans egzistans. Pyès la eksplore bèlte ki kache nan detay senp ak ti moman nou viv chak jou, pandan l ap poze kesyon ki ankouraje refleksyon sou rèv, memwa, ak relasyon moun ak mond lan. Se yon vwayaj ki louvri je sou fragilite ak richès lavi a.

Teyat

Dossier déclassé

Pyès sa a rakonte istwa yon jèn gason, yon brasè pa ekselans, k ap viv ak plizyè idantite. Jiskaske yon bon jou, nan egzèse kòm fo-avoka, li tonbe sou yon dosye ki kraze “karyè” l.

Soutni RASIN – Festival Atizay

Patisipe nan fè kilti nou briye pi plis! Avèk don w, ou ka ede pwomosyon patrimwàn Ayisyen an epi sipòte atis k ap travay pou fè tradisyon nou yo ret vivan. Chak kontribisyon konte!

Review Your Cart
0
Add Coupon Code
Subtotal

 
Scroll to Top