Ou se atizan? Ou ap kreye pwodui atizanal ki reflete talan w, konesans ou ak richès kilti nou an?
RASIN Festival Atizay envite w vin ekspoze, prezante epi fè dekouvri pwodui ou yo nan
Mache Kiltirèl la, yon espas rankont ak pataj ki mete kreyasyon lokal yo nan valè.
Se yon bèl okazyon pou w fè plis moun dekouvri travay ou, rankontre lòt kreyatè epi konekte ak piblik la.
📅 Vandredi 27 novanm 2026
🕛 12è midi – 4è nan aprèmidi
📍 Plas Dam, Ri 18 F


