Yon bon travay atistik merite yon bon prezantasyon!
Ou ta renmen aprann prepare CV atistik ou, ekri biyografi w, konstwi yon pòtfolyo pwofesyonèl, prepare fich teknik travay ou yo ak lòt dokiman enpòtan pou prezante demach atistik ou?
Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Schebna Bazile ap anime de (2) jou oryantasyon sou montaj dosye atistik.
Pandan de rankont sa yo, patisipan yo ap jwenn konsèy ak zouti pratik pou òganize, estriktire epi prezante travay yo yon fason ki pi pwofesyonèl.
📅 Jedi 26 ak vandredi 27 novanm 2026
🕙 10è nan maten pou midi
📍 Lokal OGDNH, Ri 18 F
Gratis.
Plas limite: 25 patisipan.
Ranpli fòmilè a anba a pou enskri.

