
Chak ane, Festival RASIN bay jèn yo opòtinite pou yo viv yon bèl avanti nan òganizasyon evènman kiltirèl. Kòm volontè, w ap gen chans aprann, devlope konpetans ou, rankontre atis ak pwofesyonèl nan domèn lan, epi patisipe nan reyalizasyon yon festival ki mete kilti nou an valè. Se pa sèlman yon avanti, se yon fòmasyon pou lavni w!
Pwogramasyon RASIN ane sa ap fèt soti samdi 22 pou rive dimanch 30 Mas, nan apremidi. Nou bezwen w pou fè festival la pi bèl! Antre nan ekip volontè nou yo epi ede nou ak òganizasyon, akèy, lojistik, ak plis ankò. Se yon opòtinite pou w viv eksperyans san parèy, rankontre moun pasyone tankou ou, epi mete kapasite w an aksyon. Enskri kounye epi kontribye nan siksè festival la.