Ou ta renmen eksplore nouvo teknik, bay imajinasyon w plis libète epi devlope yon kreyasyon kolektif?

RASIN Festival Atizay envite w patisipe nan yon Atelye Kreyasyon Lib, yon espas ekspresyon atistik kote w ap kapab mete konesans ou an pratik, eksplore nouvo lide epi reyalize pwòp kreyasyon w.

Atelye sa a vize moun ki deja gen yon minimòm eksperyans oswa konesans nan yon pratik atistik epi ki vle pouse kreyativite yo pi lwen.
Se Luckens Saint-Hilaire ki va anime klas sa.

📅 Mèkredi 25 novanm 2026
🕛 12è midi – 3è45
📍 ISPAN, Ri 21 P

Vin eksplore, eksperimante epi bay lide ou fòm!

Zèv yo ap ekspoze nan sware kloti a.
Plas yo limite.
Patisipasyon gratis.