Ou gen pasyon pou sinema? Ou ta renmen dekouvri oswa apwofondi konesans ou nan metye fim nan?
Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Atelye Sinema RASIN lan ap ofri 30 jèn yon fòmasyon pratik nan diferan etap kreyasyon sinematografik:
🎬 Ekriti senaryo
🎬 Reyalizasyon
🎬 Montaj
🎬 Pwodiksyon
Pandan fòmasyon an, patisipan yo pral travay an ekip pou ekri, reyalize epi pwodui pwòp fim kout pa yo. Se konsa, senk (5) fim kout kolektif pral pran nesans, epi y ap pwojte samdi 28 novanm 2026, nan kad pwogramasyon festival la.
Atelye sa a ap sou direksyon Thierry Prinston, ak akonpayman Jhon Stanley Saint Pierre e Widenie Bruno.
Yon semèn pou aprann, kreye epi prezante travay ou bay piblik festival la!
📅 Lendi 23 pou rive samdi 28 novanm 2026
🕙 10è nan maten – 2è nan aprèmidi
📍 Collège Bell Angelot, Ri 18 I
💰 Frè patisipasyon: 1 500 goud
Pa rate okazyon sa a pou w fè yon gran pa nan linivè sinema a.


