Atis vizyèl, ke w travay nan domèn kouti, penti, eskilti, elatriye, se okazyon pa nou! Vin afiche travay nou devan piblik 5èm edisyon RASIN Festival Atizay la. Ekspozisyon an ap fèt mèkredi 25 novanm. Se chans pou rankontre nouvo moun, jwenn potansyèl kliyan, epi elaji sèk ak kominote nou. Patisipasyon gratis. Zèv yo ap ekspoze ak enfòmasyon kontak ou, w ap gen chans entèraji ak odyans lan, epi w ap ka kreye lyen ak lòt ekspozan. Ranpli fòm ki anba a pou pwopoze zèv ou. Chak moun gen dwa a 3 pwopozisyon. Plas yo limite.