Penti se yonn nan fason ekstrodine pou bay lide fòm, eksprime emosyon epi rakonte istwa san pawòl.
Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, nou envite w patisipe nan yon atelye penti ki pral mete aksan sou eksplorasyon teknik, eksperimantasyon ak kreyasyon atistik.
Se yon espas pou pratik pou devlope teknik ou epi eksplore nouvo posiblite nan langaj vizyèl la. Se Rose Michelle Levêque ki pral anime atelye sa.
📅 Jedi 19 ak vandredi 20 novanm 2026
🕛 12è midi – 3è30 nan aprèmidi
📍 Société Capoise, Ri 22 D
Gratis.
Plas limite: 10 patisipan.
Ranpli fòmilè a anba a pou enskri.


