Atelye RASIN yo se espas pou aprann, pratike, kreye epi rankontre lòt moun ki renmen atizay. Kit ou se debitan oswa ou deja gen eksperyans, gen yon plas pou ou. Tout nivo byenvini! Plas yo limite; fè chwa w epi enskri kounye a menm!

  • Atelye montaj dosye atistik

    Yon bon travay atistik merite yon bon prezantasyon! Ou ta renmen aprann prepare CV atistik ou, ekri biyografi w, konstwi yon pòtfolyo pwofesyonèl, prepare fich teknik travay ou yo ak lòt dokiman enpòtan pou prezante demach atistik ou? Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Schebna Bazile ap anime

    Kontinye li

  • Atelye chan

    Malerezman enskripsyon pou atelye chan an fini; delè a pase. Ou ka vizite paj anons yo pou jwenn ki lòt fason ou ka entegre festival la pou 5e edisyon sa

    Kontinye li

  • Atelye kreyasyon lib

    Ou ta renmen eksplore nouvo teknik, bay imajinasyon w plis libète epi devlope yon kreyasyon kolektif? RASIN Festival Atizay envite w patisipe nan yon Atelye Kreyasyon Lib, yon espas ekspresyon atistik kote w ap kapab mete konesans ou an pratik, eksplore nouvo lide epi reyalize pwòp kreyasyon w. Atelye sa

    Kontinye li

  • Atelye sinema

    Ou gen pasyon pou sinema? Ou ta renmen dekouvri oswa apwofondi konesans ou nan metye fim nan? Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Atelye Sinema RASIN lan ap ofri 30 jèn yon fòmasyon pratik nan diferan etap kreyasyon sinematografik: 🎬 Ekriti senaryo🎬 Reyalizasyon🎬 Montaj🎬 Pwodiksyon Pandan fòmasyon an,

    Kontinye li

  • Atelye penti

    Penti se yonn nan fason ekstrodine pou bay lide fòm, eksprime emosyon epi rakonte istwa san pawòl. Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, nou envite w patisipe nan yon atelye penti ki pral mete aksan sou eksplorasyon teknik, eksperimantasyon ak kreyasyon atistik. Se yon espas pou pratik pou

    Kontinye li

  • Atelye lekti senik

    Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, nou envite w patisipe nan yon Atelye Lekti Senik ki pral pèmèt ou eksplore teknik entèpretasyon yon tèks, travay sou diksyon, entonasyon, ritm ak teknik enpwovizasyon. Schebna Bazile ap anime atelye sa. 📅 Jedi 19 ak vandredi 20 novanm 2026🕐 1è –

    Kontinye li