-
5e edisyon
RASIN Festival Atizay ap fete senk an! 5èm edisyon an ap fèt soti 22 pou rive 29 novanm 2026 Okap. Atelye yo Dimanch 22 novanm Lendi 23 novanm Madi 24 novanm Mèkredi 25 novanm Jedi 26 novanm Vandredi 27 novanm Samdi 28 novanm Dimanch 29 novanm
-
Apèl pou benevòl
RASIN Festival Atizay ap chèche benevòl pou 5èm edisyon an k ap fèt 22-29 novanm 2026 Okap! Si ou vle viv eksperyans òganizasyon yon evènman kiltirèl epi mete men nan festival la, ranpli fòm enskripsyon an sou paj Benevòl la: https://rasinfestival.com/benevol/
-
Atelye montaj dosye atistik
Yon bon travay atistik merite yon bon prezantasyon! Ou ta renmen aprann prepare CV atistik ou, ekri biyografi w, konstwi yon pòtfolyo pwofesyonèl, prepare fich teknik travay ou yo ak lòt dokiman enpòtan pou prezante demach atistik ou? Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Schebna Bazile ap anime
-
Apèl a otè pou vant sinyati
Otè, vin fè piblik la dekouvri liv nou! Nan kad 5èm edisyon RASIN Festival Atizay, yon seyans vant-siyati pwograme fèt vandredi 27 novanm, pandan mache kiltirèl la (12è-16è). Pa rate okazyon sa pou rankontre moun ki renmen literati e ki anvi konekte avè w. Ranpli fòm ki anba a pou
-
Atelye chan
Malerezman enskripsyon pou atelye chan an fini; delè a pase. Ou ka vizite paj anons yo pou jwenn ki lòt fason ou ka entegre festival la pou 5e edisyon sa
-
Apèl a atizan pou mache kiltirèl
Ou se atizan? Ou ap kreye pwodui atizanal ki reflete talan w, konesans ou ak richès kilti nou an? RASIN Festival Atizay envite w vin ekspoze, prezante epi fè dekouvri pwodui ou yo nan Mache Kiltirèl la, yon espas rankont ak pataj ki mete kreyasyon lokal yo nan valè. Se
-
Atelye kreyasyon lib
Ou ta renmen eksplore nouvo teknik, bay imajinasyon w plis libète epi devlope yon kreyasyon kolektif? RASIN Festival Atizay envite w patisipe nan yon Atelye Kreyasyon Lib, yon espas ekspresyon atistik kote w ap kapab mete konesans ou an pratik, eksplore nouvo lide epi reyalize pwòp kreyasyon w. Atelye sa
-
Atelye sinema
Ou gen pasyon pou sinema? Ou ta renmen dekouvri oswa apwofondi konesans ou nan metye fim nan? Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, Atelye Sinema RASIN lan ap ofri 30 jèn yon fòmasyon pratik nan diferan etap kreyasyon sinematografik: 🎬 Ekriti senaryo🎬 Reyalizasyon🎬 Montaj🎬 Pwodiksyon Pandan fòmasyon an,
-
Apèl pou ekspozan atizay vizyèl
Atis vizyèl, ke w travay nan domèn kouti, penti, eskilti, elatriye, se okazyon pa nou! Vin afiche travay nou devan piblik 5èm edisyon RASIN Festival Atizay la. Ekspozisyon an ap fèt mèkredi 25 novanm. Se chans pou rankontre nouvo moun, jwenn potansyèl kliyan, epi elaji sèk ak kominote nou. Patisipasyon
-
Atelye penti
Penti se yonn nan fason ekstrodine pou bay lide fòm, eksprime emosyon epi rakonte istwa san pawòl. Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, nou envite w patisipe nan yon atelye penti ki pral mete aksan sou eksplorasyon teknik, eksperimantasyon ak kreyasyon atistik. Se yon espas pou pratik pou
-
Atelye lekti senik
Nan kad 5yèm edisyon RASIN Festival Atizay la, nou envite w patisipe nan yon Atelye Lekti Senik ki pral pèmèt ou eksplore teknik entèpretasyon yon tèks, travay sou diksyon, entonasyon, ritm ak teknik enpwovizasyon. Schebna Bazile ap anime atelye sa. 📅 Jedi 19 ak vandredi 20 novanm 2026🕐 1è –
2025-01-19
